Hearings with Human Rights Defenders in Haiti

This is a tabbed section of 3 tabs with each tab content area containing the same text but translated to a different language

Odyans defansè dwa moun ayisyen

Nan de (2) odyans nan dat 27 jiyè 2021, mwen te rankontre defansè dwa moun an n Ayiti epi koute temwayaj yo sou risk souvan ekstrèm yo konfwonte nan defann dwa moun.

Nan premye odyans la, mwen te rankontre John Macintosh ki se yon manm Réseau National de Défense des Droits de l’Homme (RNDDH), Jacques Letang manm Fédération des Barreaux d’Haïti (FDH) ak Bureau des droits humains en Haïti (BDHH), Mario Joseph manm Bureau des Avocats Internationaux (BAI), Hérold Jean Francois manm Assosiation Nationale des Médias Haïtiens (ANMH) ak Hetera manm Kouraj.

Nan dezyèm odyans la, mwen te tande Lunie Joseph jounalis nan Radio Zénith, Alermy Pierrevilus manm Plateforme des organisations haïtiennes des droits humains (POHDH), Widelore Merancourt jounalis Ayibopost, Jacques Sampeur manm ANMH, Milostène Castin manm Action pour la réforestation et la défense de l’environnement (AREDE) ak Venel Remarais manm Association des Médias Indépendants.

Li te atwòs tande detay sou klima ensekirite defansè dwa moun yo ap viv la. Anpil te rakonte kòman jis idantifye tèt yo antan defansè dwa, sa ase pou mete yon sib sou do yo. Asasinay ak menas yo fè mikalaw, selon anpil nan sa yo ki temwaye yo. Gen yon kilti enpinite ki bay sa chenn, sitou alantou aktivite gang yo ki selon temwayaj yo ap aji non yon klima konplisite ak koripsyon.

Selon sa yo di mwen rezilta a vin fè rapòte menas yo pa yon opsyon vyab pou defansè yo. Souvan yo sispèk otè menas, asasinay oswa disparisyon yo ap travay pwòch ak otorite lokal yo. Gen kèk ki di menm nan lè sa rive devan jij, tribinal yo tèlman pa otonòm sa vin rann li difisil pou defansè dwa moun yo jwenn jistis pou moun ki viktim abi yo.

Gen pami defansè yo ki di m yo santi Nasyonzini ak ONG entènasyonal yo abandone epi yo mande plis aksyon fèt nan tèt ansanm avèk defansè dwa moun ak ONG yo ki sou teren a, ki konn konteks ak defi y ap konfwonte yo.

Anpil nan defansè dwa moun yo lwanje laprès antan youn nan ra espas ki rete pou echanj enfòmasyon nan peyi a, sou kesyon dwa moun tou. Lunie Joseph, yon fanm defansè dwa moun, eseye edike sitwayen ayisyen sou dwa yo nan emisyon radyo li nan Radio Zenith. Men espas la toujou gen anpil defi. Gen plis asasina chak jou epi plizyè jounalis oblije pran ekzil. Lòt moun sansire tèt yo, pafwa yo fè retansyon enfòmasyon enpòtan pou evite yo ta vin sible oswa menm pèdi lavi yo.

Risk defansè dwa moun an Ayiti yo ap konfwonte yo twoublan epi m ap kontinye travay avèk yo trè pwòch. Mwen espere kontinye resevwa plis enfòmasyon nan men yo pou pèmèt mwen pote mesaj enkyetid yo ap viv yo pi lwen toujou.

Nou ka jwenn anrejistreman odyans yo pi ba a.

Audience avec des défenseur.e.s des droits humains en Haïti

Le 27 juillet 2021, j’ai rencontré des défenseur.e.s des droits humains de Haïti pour entendre leurs témoignages sur les risques souvent extrêmes auxquels ils sont confrontés dans leur travail en faveur des droits humains.

Lors de la première audience, j’ai rencontré John Macintosh du Réseau National de Défense des Droits de l’Homme (RNDDH), Jacques Letang de la Fédération des Barreaux d’Haïti (FDH) et du Bureau des droits humains en Haïti (BDHH), Mario Joseph du Bureau des Avocats Internationaux (BAI), Herold Jean Francois de l’Association Nationale des Médias Haïtiens (ANMH) et Hetera de Kouraj.

Lors de la deuxième audience, j’ai entendu Lunie Joseph de Radio Zénith, Alermy Pierrevilus de la Plateforme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains (POHDH), Widelore Merancourt d’Ayibopost, Jacques Sampeur de l’ANMH, Milostene Castin de l’Action pour la Reforestation et la Défense de l’Environnement (AREDE) et Venel Remarais, journaliste.

Le climat d’insécurité auquel sont confrontés les défenseur.e.s est déchirant. De nombreux participant.e.s ont dit que le simple fait de s’identifier comme défenseur.e.s des droits humains leur mettait une cible dans le dos. Les meurtres et les menaces sont endémiques, selon nombre de ceux qui se sont exprimés, et sont aggravés par la culture de l’impunité qui entoure les activités des gangs, prétendument menées dans un climat de collusion et de corruption.

Par conséquent, les défenseur.e.s m’ont dit que dans de nombreux cas, dénoncer les menaces n’est pas une option viable pour eux. Souvent, les auteurs de menaces, de meurtres ou de disparitions sont soupçonnés de travailler en collaboration avec des autorités locales. Des défenseur.e.s ont souligné que même si les affaires vont jusqu’au procès, l’indépendance décroissante du système judiciaire rend la justice difficile d’obtenir.

Certain.e.s défenseur.e.s m’ont dit qu’ils se sentaient abandonné.e.s par les ONG internationales et l’ONU et ont demandé instamment que davantage de mesures soient prises en consultation avec les défenseurs.e. et les ONG sur le terrain, qui connaissent le mieux les défis auxquels ils sont confronté.e.s.

De nombreux défenseur.e.s ont salué la presse comme l’une des seules voies restantes pour l’échange d’informations dans le pays, y compris sur les droits humains. Lunie Joseph, défenseuse, tente de sensibiliser les citoyens haïtiens à leurs droits dans son émission de radio sur Radio Zenith. Mais cet espace comporte encore de nombreux défis. Les assassinats sont nombreux et certains journalistes sont poussés à l’exil. D’autres s’autocensurent, retenant des informations parfois critiques pour éviter d’être attaqués ou même tués.

Les risques encourus par les défenseur.e.s des droits humains en Haïti sont inquiétants et je continuerai à les suivre de près. J’espère continuer à recevoir d’autres informations du part des défenseur.e.s pour me permettre de donner suite à leurs préoccupations.

L’enregistrement des auditions est disponible ci-dessous.

Part 1

Part 2

Actions

Submit Information

Submit confidential information on a HRD at risk

Communications and Press Releases

How do communications and press releases work?

Contact Mary

Request a meeting with Mary or her team